10
 1  ✡ I Wa 12:1-20 Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa.  2 Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte.  3 Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di:  4 “Papa ou te fè fado ✡ I Wa 5:13-16nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.” 
 5 Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.” 
Konsa, pèp la te ale. 
 6 Alò, Wa Roboam te fè ✡ Job 8:8-9konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?” 
 7 Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e ✡ Pwov 15:1pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.” 
 8 Men li te ✡ II Sam 17:4echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l.  9 Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’ ” 
 10 Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m!  11 Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’ ” 
 12 Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.”  13 Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.  14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.” 
 15 Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, ✡ I Wa 11:29-39pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la. 
 16 Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: ✡ II Sam 20:1“Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo. 
 17 Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo.  18 Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te ✡ I Wa 4:6chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem.  19 Konsa, ✡ I Wa 12:19Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.