29
 1 Nan ✡ Éz 6:1dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:  2 Fis a lòm, mete figi ou kont Farawon, wa Égypte la, e pwofetize kont li ak tout Égypte.  3 Pale e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, 
“Gade byen, Mwen kont ou, Farawon, wa Égypte, 
✡ És 27:1gwo mons la ki kouche nan mitan 
rivyè li yo, k ap di: 
‘Rivyè Nil lan se pou mwen 
e se mwen menm ki te fè li.’ 
 4  ✡ II Wa 19:28Mwen va mete gwo kwòk nan machwè ou e 
fè pwason larivyè ou yo vin kole sou kal ou yo. 
Konsa, Mwen va rale fè ou sòti nan mitan rivyè ou yo, 
ansanm ak tout pwason larivyè ou yo k ap kole sou kal ou yo. 
 5 Mwen va ✡ Éz 32:4-6jete ou lwen nan dezè a, 
ou menm ak tout pwason rivyè ou yo. 
Ou va tonbe nan chan ouvri. 
Ou p ap rasanble ni reyini ankò. 
Mwen te bay ou kon manje bèt latè 
ak zwazo syèl yo. 
 6 “ ‘ “Konsa, tout moun ki rete an Égypte va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Paske yo te sèlman yon ✡ II Wa 18:21gòl fèt ak wozo pou lakay Israël.  7 Lè yo te kenbe ou nan men yo, ou te kraze e chire tout men ak zepòl yo, Epi lè yo te apiye sou ou, ou te kraze kwis yo.” 
 8 “ ‘Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ✡ Jr 46:13mennen sou ou nepe a, e Mwen va koupe retire nèt de ou ni moun, ni bèt.  9 Peyi Égypte va devni yon dezolasyon ak yon savann dezole. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. 
“ ‘ “Paske ou te di: ‘Larivyè Nil lan se pou mwen e mwen te fè l.’  10 Pou sa, gade byen, Mwen ✡ Éz 13:8kont ou, e Mwen kont rivyè ou yo. Mwen va fè peyi Égypte vin yon savann dezole ak yon dezolasyon, soti Migdol jis rive Syène, menm pou rive nan lizyè Éthiopie.  11 Pye a moun ✡ Jr 43:11-12p ap pase ladann, pye a bèt p ap pase ladann, e l ap rete san moun pandan karantan.  12 Konsa, Mwen va fè peyi Égypte vin yon dezolasyon nan mitan peyi ki dezole yo. Vil li yo, nan mitan a vil ki fin devaste nèt yo, yo va dezole pandan karantan. Mwen va ✡ Jr 46:19gaye Ejipsyen yo pami nasyon yo, e lage yo toupatou pami peyi yo.” 
 13 “ ‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan fen karantan an, Mwen va ✡ És 19:22rasanble Ejipsyen yo soti nan pèp kote yo te gaye yo.  14 Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi ✡ És 11:11Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb.  15 Li va pi fèb pami wayòm yo e li p ap janm leve tèt li ankò kon chèf lòt nasyon yo. Mwen va fè yo tèlman vin piti ke yo p ap ✡ Éz 31:2renye sou lòt nasyon yo.  16 Konsa, li p ap janm sèvi ankò kon konfyans pou lakay Israël la, pou l pa kontinye✡ És 64:9pote nan tèt yo, inikite lè yo te vire kote Égypte la. Epi yo va konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.” ’ ” 
 17 Alò, ✡ Éz 24:1nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:  18 “Fis a lòm, ✡ Jr 25:9Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè lame li a travay di kont Tyr; tout tèt te vin chòv e tout epòl te fwote vin fè maleng. Men li menm ak lame li pa t reyisi salè soti nan Tyre pou travay li te fè kont li an.  19 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va bay peyi Égypte a Nebucadnetsar, wa Babylone nan. Epi li va pote fè ale tout ✡ Jr 43:10-13pèp li yo, kaptire donmaj li yo, e sezi li kon piyaj. Sa a va sèvi kon salè pou lame li a.  20 Mwen te bay li peyi Égypte pou travay ke li te ✡ És 10:6-7fè a, paske yo te aji pou Mwen,’ deklare Senyè BONDYE a. 
 21 “Nan jou sa a, ✡ I Sam 2:10Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”