HABACUC  
 1
 1  ✡ És 13:1 Pwofesi ke Habacuc, pwofèt la te wè.  2  ✡ Sòm 13:1,2Pandan konbyen tan, O SENYÈ, mwen va kriye sekou e Ou pa tande? Mwen kriye a Ou menm, “Vyolans!” Men Ou ✡ Jr 14:9 pa delivre.  3 Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se ✡ Jr 20:8destriksyon ak vyolans ki devan mwen; ✡ Jr 15:10 gwo konfli ak kont k ap leve toupatou.  4 Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.✡ Sòm 58:1,2; És 5:20 
 5 “Gade pami nasyon yo! Obsève byen! Se pou nou vin sezi e menm etone! Paske Mwen ap fè nan jou pa w yo, yon bagay ke ou pa t ap kwè, malgre ke ou ta tande l.  6 Paske, gade byen, Mwen ap ✡ II Wa 24:2leve Kaldeyen yo, pèp fewòs e san kontwòl sa a, k ap mache sou tout tè a pou ✡ Jr 8:10 sezi kote ki pa pou yo.  7 Yo plen tout moun ak gwo ✡ És 18:2,7laperèz, ak lakrent. ✡ Jr 39:5-9 Jistis ak otorite pa yo sòti sèl nan yo menm.  8  ✡ Jr 4:13Chevalye yo pi vit ke leyopa, e pi vijilan ke ✡ So 3:3 lou lannwit. Chevalye yo vin galope. Chevalye yo sòti lwen. Yo vole tankou èg k ap plonje desann pou devore.  9 Yo tout vini pou fè vyolans. Nan rega pa yo ✡ II Wa 12:17  se an avan. Yo ranmase kaptif tankou sab.  10 Yo giyonnen wa yo e yo moke gouvènè yo. Yo pase tout bastyon yo nan tenten. Yo sanble ranblè tè yo e yo sezi yo.  11 Tankou ✡ Jr 2:3 van yo va vole pase, pou yo ale nèt. Yo vrèman ✡ Jr 4:11koupab; yo mete fòs yo nan dye pa yo a.” 
 12 Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.  13 Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?✡ Sòm 50:21; Sòm 35:25   14 Poukisa kite yo fè lòm tankou pwason lanmè, tankou sila k ap trennen atè ki pa gen gouvènè sou yo?  15 Pou Kaldeyen yo, yo ✡ Jr 16:16  rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo ✡ Sòm 10:9rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.  16 Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil.  17 Èske se konsa yap kontinye vide filè yo, e kontinye ✡ És 14:5,6 detwi nasyon yo san mizerikòd?