31
 1 Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo, 
ki depann de cheval yo, 
ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil, 
ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò; 
men yo pa gade sou ✡ És 10:17 Sila Ki Sen an Israël la, 
ni chache SENYÈ a! 
 2 Men anplis, Li saj; 
Li va mennen dezas; 
Li ✡ Nonb 23:19p ap retire pawòl Li menm; 
men Li va leve kont kay malfektè yo, 
ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo. 
 3 Alò, Ejipsyen yo se ✡ Éz 28:9moun. 
Se pa Bondye. 
Cheval yo se chè; se pa lespri. 
Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; 
sila k ap bay sekou a va glise tonbe. 
Sila ki resevwa sekou a va tonbe, 
e yo tout va rive fini ansanm. 
 4 Paske konsa SENYÈ a di mwen: 
“Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, 
lè yon bann bèje vin parèt la; 
li p ap pè vwa yo, 
ni li p ap deranje akoz bri yo fè. 
Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann 
pou ✡ És 42:13fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.” 
 5 Tankou zwazo k ap vole, 
se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. 
Li va ✡ És 37:35pwoteje li e delivre li. 
Li va pase sou sa pou sove li. 
 6 Retounen kote Sila ke nou te ✡ És 1:2-5 tèlman neglije a, O fis Israël yo. 
 7 Paske nan jou sa a, tout moun 
va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, 
ke ✡ I Wa 12:30 men plen peche nou yo te fè pou nou. 
 8 Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm, 
e ✡ És 66:16nepe a ki pa pou lòm va devore l. 
Pou sa, li p ap chape anba nepe a, 
e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve. 
 9 “Wòch li va disparèt akoz panik, 
e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”, 
deklare SENYÈ a, 
✡ És 10:16-17Sila ki gen dife Li nan Sion an, 
ak founo nan Jérusalem nan.