24
 1 Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè ✡ II Wa 24:10-16Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.  2 Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan ✡ Mi 7:1premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri. 
 3 Konsa, SENYÈ a te di m: ✡ Jr 1:11-13“Kisa ou wè, Jérémie?” 
Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.” 
 4 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:  5 “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere ✡ Na 1:7kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo.  6 Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va ✡ Jr 12:15mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo.  7 Mwen va bay yo yon ✡ Jr 12:15kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’ ” 
 8 “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, ✡ Jr 39:9retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo.  9 Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon ✡ És 65:15madichon tout kote ke M gaye yo.  10 Mwen va voye ✡ És 51:19nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”