16
 1  ✡ Jn 20:1-8Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.  2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve.  3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule ✡ Mat 27:60wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?” 
 4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo.  5  ✡ Jn 20:11-12Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi. 
 6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. ✡ Mat 28:6Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.  7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; ✡ Mat 26:32L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.” 
 8 Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent. 
 9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a ✡ Mat 27:56Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.  10  ✡ Jn 20:18Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye.  11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, ✡ Mat 28:17yo te refize kwè sa. 
 12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a ✡ Luc 24:13-35yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.  13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo ✡ Mat 28:17pa t kwè yo nonplis. 
 14 Apre, Li te vin parèt a ✡ Luc 24:36onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a. 
 15 Li te di yo: ✡ Mat 28:19“Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an.  16  Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.✡ Jn 3:18-36  17  Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. ✡ Mc 9:38Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf;  18  yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va ✡ Mc 5:23mete men sou malad yo, e y ap refè.” 
 19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. ✡ Luc 9:51  20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.