SÒM YO  
Liv I 
 1
 1 Beni se nonm ki ✡ Pwov 4:14pa mache nan konsèy 
mechan yo 
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo, 
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit. 
 3 Li va tankou yon ✡ Sòm 92:12-14pyebwa ki plante 
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. 
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi. 
 4 Mechan yo pa konsa. 
Yo tankou ✡ Sòm 5:5pay ke van an pouse ale. 
 5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz ✡ Sòm 9:7,8,16jijman an, 
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo. 
 6 Paske SENYÈ a ✡ Na 1:7konnen chemen 
a sila ki dwat yo, 
men chemen a mechan yo va disparèt.