14
Pou direktè koral la; yon sòm David 
 1 Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” 
Yo konwonpi. 
Yo te fè zak abominab. 
✡ Wo 3:10-12Nanpwen ki fè sa ki bon. 
 2 SENYÈ a te gade anba soti nan syèl la 
sou fis a lòm yo pou wè si genyen 
ki ✡ Sòm 92:6konprann, k ap chache Bondye. 
 3 Yo tout te vire akote. 
Ansanm yo te vin konwonpi. 
✡ Sòm 143:2Nanpwen ki fè sa ki bon, pa menm youn. 
 4 Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, 
sila Ki ✡ Jr 10:25manje pèp mwen yo 
tankou y ap manje pen an, 
san yo pa rele SENYÈ a? 
 5 La, yo nan gwo danje, 
paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la. 
 6 Nou meprize bezwen aflije a, 
men SENYÈ a se ✡ Sòm 46:1refij li. 
 7 O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! 
Lè SENYÈ a ✡ Sòm 85:1-2restore pèp kaptif li a, 
Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.