47
Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo. 
 1 O bat men nou ansanm, tout pèp yo. 
Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa. 
 2 Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. 
Li se ✡ Mal 1:1Gran Wa a sou tout latè a. 
 3 Li fè soumèt pèp yo anba nou, 
ak nasyon yo anba pye nou. 
 4 Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou, 
✡ Am 6:8glwa la a Jacob, ke Li renmen an. 
Tan
  5 Bondye te monte avèk yon gwo rèl, 
SENYÈ a avèk ✡ Sòm 98:6son twonpèt la. 
 6 Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo! 
Chante lwanj ✡ Sòm 89:18Wa nou an, chante lwanj yo! 
 7 Paske Bondye se Wa a tout tè a. 
Chante lwanj yo ✡ I Kor 14:15avèk yon chan byen bèl. 
 8 Bondye ✡ I Kwo 16:31regne sou nasyon yo. 
Bondye chita sou twòn wayal Li a. 
 9 Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, 
✡ Wo 4:11-12pèp a Bondye Abraham nan. 
Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye. 
Li leve byen wo.