75
Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi” 
Yon Sòm Asaph, yon Chanson 
 1 Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, 
Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. 
Moun yo fè deklarasyon ✡ Sòm 26:7zèv mèvèy Ou yo. 
 2 “Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente, 
Mwen va ✡ Sòm 9:8jije avèk jistis. 
 3 Latè avèk tout sa ki ladann souke. 
Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” 
Tan
  4 Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” 
A mechan an: ✡ Za 1:21 “Pa leve kòn nan. 
 5 Pa leve kòn ou anwo. 
✡ I Sam 2:3 Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.” 
 6 Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès, 
ni bò kote ✡ Sòm 3:3 dezè a, 
kab gen fòs pou leve moun anwo; 
 7 Men Bondye se jij la. 
Li ✡ Sòm 50:6 fè yon moun desann, 
e li leve yon lòt fè l wo. 
 8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, 
e diven an ap kimen. 
Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. 
Anverite, ✡ Ab 16 tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li. 
 9 Men pou mwen, mwen va ✡ Sòm 22:22 deklare sa, jis pou tout tan. 
Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la. 
 10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. 
Men ✡ I Sam 2:1 kòn a moun ladwati yo va leve wo.