LIV 4 
 90
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a. 
 1 Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye 
pandan tout jenerasyon yo. 
 2 Avan mòn yo te vin parèt, 
oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, 
menm ✡ Sòm 93:2pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye. 
 3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: 
“Retounen, O pitit a lòm yo.” 
 4 Paske mil ane devan zye Ou 
se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan. 
 5 Ou ✡ Job 22:16 bale yo ale pandan y ap dòmi. 
 6 Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. 
Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale. 
 7 Paske nou ✡ Sòm 39:11 fin manje nèt akoz kòlè Ou. 
E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt. 
 8 Ou te ✡ Sòm 50:21 mete inikite nou yo devan Ou. 
Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou. 
 9 Paske ✡ Sòm 78:33 tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou. 
Ane nou yo ap fini kon souf. 
 10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, 
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. 
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. 
Paske byen vit li prale, e nou ✡ Job 20:8 vole ale. 
 11 Se kilès ki konprann ✡ Sòm 76:7 fòs a kòlè Ou a? 
Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a? 
 12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, 
pou nou kab ✡ Pwov 2:1-6ofri Ou yon kè ki plen sajès. 
 13 Lache, O SENYÈ! 
Konbyen tan sa va ye? 
Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo! 
 14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a, 
pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo. 
 15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo, 
tout ✡ Det 2:14-16ane ke nou te wè mal yo. 
 16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo, 
ak✡ I Wa 8:11majeste Ou a pitit yo. 
 17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou, 
epi ✡ Sòm 37:23konfime pou nou menm, zèv men nou yo. 
Wi, konfime zèv men nou yo.