94
 1 O SENYÈ, Bondye a ✡ Det 32:35 vanjans lan, 
Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt! 
 2 Vin leve, O ✡ Jen 18:25 Jij sou tè a. 
Bay rekonpans a moun ògeye yo. 
 3 Pou konbyen de tan mechan yo, O SENYÈ, 
pou konbyen de tan ✡ Job 20:5 mechan yo va leve tèt yo wo? 
 4 Yo vide pawòl yo, yo pale avèk ògèy. 
Tout moun ki fè mechanste yo ✡ Sòm 10:3 vante tèt yo. 
 5 Yo kraze pèp Ou a, O SENYÈ. 
✡ És 3:15Yo aflije eritaj Ou a. 
 6 Yo ✡ És 10:2 touye vèv yo avèk etranje a. 
Yo asasine òfelen yo. 
 7  ✡ Job 22:13 Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye 
Jacob la p ap okipe sa a.” 
 8 Veye sa a, nou menm ki ✡ Sòm 92:6 ensansib pami pèp la; 
Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt? 
 9 Sila ki ✡ Egz 4:11 plante zòrèy la, èske Li pa tande? 
Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè. 
 10 Sila ki fè chatiman nasyon yo, 
èske Li p ap fè repwòch? 
Sila ki ✡ Job 35:11 enstwi lòm; Li konnen! 
 11 SENYÈ a ✡ Job 11:11 konnen panse a lòm, 
ke se sèlman yon souf ke yo ye. 
 12 Beni se nonm ke Ou bay chatiman an, 
O SENYÈ, 
ke Ou ✡ Sòm 119:171 enstwi nan lalwa Ou a, 
 13 pou Ou kapab bay li sekou nan ✡ Sòm 49:5jou advèsite yo, 
jiskaske yon fòs fin fouye pou mechan yo. 
 14 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a, 
ni Li p ap ✡ Sòm 37:28 lage pèp eritaj Li a. 
 15 Paske ✡ Sòm 97:2 jijman an va devni dwat ankò e 
tout pèp ladwati yo va swiv li. 
 16 Se kilès ki va ✡ Nonb 10:35 kanpe pou mwen kont malfektè yo? 
Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo? 
 17 Si ✡ Sòm 124:1-2 SENYÈ a pa t sekou mwen, 
nanm mwen ta fin abite nan andwa silans lan. 
 18 Si mwen ta di: ✡ Sòm 38:16 “Pye m glise,” 
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m. 
 19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m, 
✡ És 57:18 konsolasyon Ou yo fè kè m kontan. 
 20 Èske yon ✡ Am 6:3 twòn mechan kapab fè amitye avèk Ou? 
Yon moun ki imajine fè mal pa dekrè? 
 21 Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo, 
e ✡ Egz 23:7 kondane inosan yo a lanmò. 
 22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e 
Bondye mwen an, ✡ Sòm 18:2 wòch ki pwoteje mwen an. 
 23 Li te fè mechanste pa yo retounen sou yo, e 
va ✡ Sòm 7:16 koupe retire yo nèt nan mechanste pa yo. 
SENYÈ nou an va koupe retire yo.