115
 1 Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, 
men ✡ Sòm 29:2pou Non Ou glwa bay, 
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou. 
 2 Poukisa nasyon yo ta di: 
✡ Sòm 42:3-10“Kote Bondye yo a ye koulye a?” 
 3 Men ✡ Sòm 103:19Bondye nou an nan syèl yo. 
Li fè sa Li pito. 
 4 Zidòl yo se ajan ak lò, ✡ Det 4:28 zèv men a lòm. 
 5 Yo gen bouch, men yo ✡ Jr 10:5pa kab pale. 
Yo gen zye, men yo pa kab wè. 
 6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande. 
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen. 
 7 Yo gen men, men yo pa kab manyen. 
Yo gen pye, men yo pa kab mache. 
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo. 
 8  ✡ Sòm 135:18Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo. 
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo. 
 9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a! 
Se Li menm ki ✡ Sòm 33:20sekou ak boukliye yo. 
 10 O lakay ✡ Sòm 118:3Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a; 
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo. 
 11 Nou menm ki ✡ Sòm 22:23gen lakrent SENYÈ a, 
mete konfyans nou nan SENYÈ a. 
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo. 
 12 SENYÈ a ✡ Sòm 98:3te toujou sonje nou. 
Li va beni nou. 
Li va beni lakay Israël la. 
Li va beni lakay Aaron an. 
 13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo, 
✡ Rev 11:18piti kon gran. 
 14 Ke SENYÈ a kab ✡ Det 1:11fè nou grandi plis, 
nou menm ak pitit nou yo. 
 15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, 
✡ Jen 1:1Kreyatè syèl la ak tè a. 
 16 Syèl yo se ✡ Sòm 89:11Syèl SENYÈ a, 
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo. 
 17  ✡ Sòm 6:5Mò yo pa louwe SENYÈ a, 
ni sila ki desann antre nan silans yo. 
 18 Men nou va beni SENYÈ a, 
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan. 
Louwe SENYÈ la!