I TESALONISYEN YO
1
1  ✡ II Tes 1:1Paul, ✡ II Kor 1:19Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
2  ✡ Wo 1:8Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv ✡ I Kor 13:13lanmou nou yo; jan nou te ✡ Wo 8:25kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa ✡ II Pi 1:10Li menm de nou an. 5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi ✡ Wo 15:19nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
6 Nou osi te devni ✡ I Kor 4:16imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk ✡ Trav 13:52lajwa Lespri Sen an. 7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan ✡ Wo 15:26Macédoine ak nan Achaïe yo. 8 Paske ✡ Kol 3:16pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.
9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou ✡ Trav 14:15te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, 10 epi pou ✡ I Kor 1:7tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki ✡ Wo 5:9delivre nou anba kòlè k ap vini an.

✡1:1 II Tes 1:1

✡1:1 II Kor 1:19

✡1:2 Wo 1:8

✡1:3 I Kor 13:13

✡1:3 Wo 8:25

✡1:4 II Pi 1:10

✡1:5 Wo 15:19

✡1:6 I Kor 4:16

✡1:6 Trav 13:52

✡1:7 Wo 15:26

✡1:8 Kol 3:16

✡1:9 Trav 14:15

✡1:10 I Kor 1:7

✡1:10 Wo 5:9