128
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1  ✡ Sòm 112:1A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
2 Lè ou manje nan ✡ Sòm 109:11fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
3 Madanm ou ap tankou yon ✡ Éz 19:10chan rezen
ki bay anpil rezen lakay ou.
Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.
5  ✡ Sòm 134:3Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;
ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!
6 Wi, pou ou ka wè ✡ Jen 48:11pitit a pitit ou yo!
Ke lapè rete sou Israël!

✡128:1 Sòm 112:1

✡128:2 Sòm 109:11

✡128:3 Éz 19:10

✡128:5 Sòm 134:3

✡128:6 Jen 48:11