147
1 Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se ✡ Sòm 33:1dous.
2 SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li ✡ Det 30:3ranmase egzile Israël yo.
3 Li geri sila ak ✡ Sòm 34:8kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4 Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li ✡ És 40:26bay non a yo tout.
5 Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
✡ És 40:28Bon konprann Li an san limit nèt.
6 SENYÈ a bay ✡ Sòm 37:24soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7  ✡ Sòm 33:2Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki ✡ Job 5:10founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak ✡ Job 38:41jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li ✡ I Sam 16:7pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
✡ Sòm 33:18sila ki tann lanmou dous Li yo.
12 Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13 Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te ✡ Sòm 37:26 beni fis ou yo anndan w.
14 Li ✡ Sòm 29:11fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15 Li voye lòd Li sou latè.
✡ Sòm 104:4Pawòl Li kouri byen vit.
16 Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye ✡ Job 38:29lawouze glase kon sann.
17 Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan ✡ Job 37:9fredi Li a?
18 Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè ✡ Sòm 107:25van Li soufle e dlo yo koule.
19 Li ✡ Det 33:3-4deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20 Li ✡ Det 4:7-34pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!
 

✡147:1 Sòm 33:1

✡147:2 Det 30:3

✡147:3 Sòm 34:8

✡147:4 És 40:26

✡147:5 És 40:28

✡147:6 Sòm 37:24

✡147:7 Sòm 33:2

✡147:8 Job 5:10

✡147:9 Job 38:41

✡147:10 I Sam 16:7

✡147:11 Sòm 33:18

✡147:13 Sòm 37:26

✡147:14 Sòm 29:11

✡147:15 Sòm 104:4

✡147:16 Job 38:29

✡147:17 Job 37:9

✡147:18 Sòm 107:25

✡147:19 Det 33:3-4

✡147:20 Det 4:7-34