4
 1  ✡ I Kwo 2:3Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal.  2 Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo.  3 Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi.  4 Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem.  5 Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara.  6 Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo.  7 Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan.  8 Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo. 
 9 Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”. 
 10 Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.” 
Epi Bondye te bay li sa li te mande a. 
 11 Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon.  12 Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo.  13 Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath.  14 Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan.  15 Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz.  16 Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel.  17 Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa.  18 Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach.  19 Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo.  20 Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth.  21 Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo,  22 avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen.  23 Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li.  24 Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül.  25 Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a.  26 Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a.  27 Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo.  28 Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual,  29 nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad,  30 nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag,  31 nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la.  32 Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo;  33 epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo.  34 Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a;  35 epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la;  36 Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja,  37 Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a.  38 Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil.  39 Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo.  40 Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, ✡ Jij 18:7-10peyi a te vas e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham.  41  ✡ I Kwo 4:33-38Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo.  42 Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a.  43  ✡ I Sam 15:7-8Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.