4
 1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe ✡ Ef 4:1mache pou ✡ II Kor 5:9fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou.  2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus. 
 3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,✡ I Kor 6:18pa fè imoralite seksyèl,  4 ke ✡ I Kwo 7:2,9chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè,  5 pa nan ✡ Wo 1:26pasyon lanvi lachè, tankou payen ki ✡ Gal 4:8pa konnen Bondye yo;  6 epi pou pèsòn pa transgrese e ✡ I Kor 6:8vòlè frè l nan bagay sila, paske ✡ Wo 12:19Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a. 
 7 Paske Bondye pa t rele nou ✡ I Tes 2:3pou fè salte, men nan sanktifikasyon.  8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki ✡ Wo 5:5bannou Lespri Sen Li an. 
 9 Alò, jan pou ✡ Jn 13:34lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te ✡ I Jn 2:27enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt.  10 Paske, vrèman ✡ I Tes 1:7nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou,  11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e ✡ Trav 18:3travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an.  12 Konsa nou kapab ✡ Wo 13:13konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e ✡ Ef 4:28pou nou pa manke anyen. 
 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen ✡ Ef 2:12okenn espwa yo.  14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, ✡ Wo 14:9menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo. 
 15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou ✡ I Kor 15:52nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska ✡ I Tes 2:19vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo. 
 16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk ✡ Mat 24:31twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.  17 Epi ✡ I Kor 15:52nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan. 
 18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.