5
 1 Alò, konsènan ✡ Trav 1:7tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen.  2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke ✡ I Kor 1:8jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.  3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò ✡ II Tes 1:9destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou ✡ Jn 16:21doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape. 
 4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan ✡ Trav 26:18tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè.  5 Paske nou tout se ✡ Luc 16:8fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.  6 Konsa, annou pa ✡ Wo 13:11dòmi tankou ✡ Ef 2:3lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli.  7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo ✡ Trav 7:15vin sou lannwit.  8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou ✡ És 59:17pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm ✡ Ef 6:17kas, lesperans sali a. 
 9 Paske Bondye pa t destine nou a ✡ I Tes 1:10lakòlè, men pou nou vin ✡ II Tes 2:13gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.  10  ✡ Wo 14:9Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li. 
 11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e ✡ Ef 4:29remonte youn lòt, jis jan n ap fè a. 
 12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila ✡ Wo 16:6,12ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki ✡ Eb 13:17responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou.  13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. 
✡ Mc 9:50Viv nan lapè avèk youn lòt. 
 14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san ✡ II Tim 3:6,7,11prensip yo, ankouraje ✡ És 35:4sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.  15 Veye pou ✡ Wo 12:17pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun. 
 16  ✡ Fil 4:4Se pou nou rejwi nou tout tan.  17 Priye san rete.  18 Nan tout bagay ✡ Ef 5:20bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a. 
 19  ✡ Ef 4:30Pa etenn Lespri Sen an.  20 Pa meprize ✡ Trav 13:1pawòl pwofetik yo.  21 Men ✡ I Kor 14:29byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an  22 e evite tout kalite mal. 
 23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke ✡ Luc 1:46lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt ✡ II Pi 3:14san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri. 
 24  ✡ I Kor 1:9Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa. 
 25 Frè m yo ✡ Ef 6:19priye pou nou. 
 26  ✡ Wo 16:16Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen.  27 Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou ✡ Kol 4:16fè lèt sa a li bay tout frè yo. 
 28 Ke ✡ Wo 16:20lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.