1 KORENTYEN YO  
 1
 1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou,  2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen ✡ Wo 1:7pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou.  3  ✡ Wo 1:7Gras de nou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri. 
 4  ✡ Wo 1:8Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a.  5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans,  6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te ✡ Wo 15:14konfime nan nou,  7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e ✡ Luc 17:30tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri,  8  ✡ Wo 8:19ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.  9  ✡ Det 7:9Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an. 
 10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen ✡ I Kor 11:18divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan ✡ Wo 12:16menm panse ak nan menm jijman.  11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou.  12 Alò, men kisa m ap di. ✡ I Kor 3:4Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun ✡ Trav 18:24Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.  13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin ✡ Mat 28:19batize nan non Paul?  14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t ✡ Trav 18:18batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus,  15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen.  16 Alò, mwen te batize tout ✡ I Kor 16:15,17fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun.  17  ✡ Jn 4:2Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la ✡ I Kor 2:1,4,13pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.  18 Paske pawòl lakwa a se foli pou ✡ II Kor 2:15sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye.  19 Paske sa ekri: 
✡ És 29:14“Mwen va detwi sajès a saj yo, 
e entèlijans moun save yo, 
mwen va mete sou kote.” 
 20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a ✡ Job 12:17laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli?  21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak ✡ I Kor 1:27sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo.  22 Paske anverite ✡ Mat 12:18Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès;  23 men nou preche ✡ I Kor 2:2Kris krisifye a, pou ✡ I Pi 2:8Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli.  24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se ✡ I Kor 1:18pwisans a Bondye, ak ✡ I Kor 1:30sajès Bondye.  25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e ✡ II Kor 13:4feblès Bondye a pi fò ke lòm. 
 26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke ✡ Mat 11:25pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb.  27 Men Bondye te chwazi ✡ I Kor 1:20foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.  28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, ✡ Wo 4:7bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo,  29 pou fè ✡ Ef 2:9pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye.  30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou ✡ I Kor 1:24sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak ✡ Jr 23:5jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.  31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”