13
 1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. ✡ Det 17:6“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.”  2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap ✡ II Kor 1:23epagne pèsòn.  3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men ✡ II Kor 9:8byen pwisan nan nou.  4 Paske malgre Li te ✡ Fil 2:7krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de ✡ I Kor 6:14pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou. 
 5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. ✡ I Kor 11:28Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la?  6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la. 
 7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.  8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a.  9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab ✡ I Kor 1:10vin konplè.  10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen ✡ Tit 1:3itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi. 
 11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte ✡ Wo 12:16vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.  12  ✡ Wo 16:16Salye youn lòt avèk yon beze ki sen. 
 13  ✡ Fil 4:22Tout sen yo salye nou. 
 14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak ✡ Fil 2:1dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.