29
 1  ✡ II Wa 18:1-3Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.  2  ✡ II Kwo 28:1Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè.  3 Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te ✡ II Kwo 28:24ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo.  4 Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la.  5 Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. ✡ II Kwo 29:15-34Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen.  6 Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te ✡ Éz 8:16vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo.  7 Anplis, yo te ✡ II Kwo 28:24fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la.  8 Pou sa, ✡ II Kwo 24:20kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.  9 Paske gade byen, pou sa, ✡ II Kwo 28:5-8papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa.  10 Alò, sa nan kè m ✡ II Kwo 23:16pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou.  11 Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske ✡ Nonb 3:6SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.” 
 12 Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la;  13 epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania;  14 epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel.  15 Yo te rasanble frè yo, yo te ✡ II Kwo 29:5konsakre yo menm, e te antre ✡ I Kwo 23:28pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a.  16 Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan ✡ II Kwo 15:16Vale Cédron an.  17 Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi ✡ II Kwo 29:3nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a.  18 Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.  19 Anplis, ✡ II Kwo 28:24tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.” 
 20 Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.  21 Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit ✡ Lev 4:3-14kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a.  22 Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te ✡ Lev 4:18aspèje san an sou lotèl la.  23 Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e ✡ Lev 4:15yo te poze men sou yo.  24 Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo ✡ Lev 4:26pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël. 
 25 Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk linstriman kòd yo, ✡ II Kwo 8:14selon kòmand David la avèk ✡ II Sam 24:11Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo.  26 Levit yo te kanpe avèk ✡ I Kwo 23:5enstriman mizik a David yo, ✡ II Kwo 5:12prèt yo avèk twonpèt yo.  27 Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, ✡ II Kwo 23:18chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la.  28 Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini. 
 29 Alò, nan fen tout ofrann brile yo, ✡ II Kwo 20:18wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon.  30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. ✡ Sòm 100:1Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon. 
 31 Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. ✡ Egz 35:5-22Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.  32 Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.  33 Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.  34 Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. ✡ II Kwo 35:11Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske ✡ II Kwo 30:3Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo.  35 Te gen osi anpil ofrann brile avèk ✡ Lev 3:16grès a ofrann lapè yo, avèk ✡ Nonb 15:5-10ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.  36 Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.