II WA YO  
 1
 1 Lè Achab te fin mouri, ✡ II Sam 8:2 Moab te fè rebelyon kont Israël. 
 2 Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a ✡ II Wa 1:3-16Baal-Zebub, dye a Ékron an ✡ II Wa 8:7-10si m ap geri de maladi sa a.” 
 3 Men zanj SENYÈ a te di a ✡ I Wa 17:1Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’  4 Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ✡ II Wa 1:6-16‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’ ” Konsa, Élie te pati. 
 5 Lè mesaje yo te retounen bò kote li, li te di yo: “Se poukisa ke nou tounen an?” 
 6 Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye ✡ II Wa 1:2mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’ ” ’ ” 
 7 Li te di yo: “Ki kalite moun sa a ki te monte rankontre nou an pou te pale pawòl sila yo a nou?” 
 8 Yo te reponn li: ✡ Za 13:4“Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.” 
Li te di: “Se Élie, Tichbit la.” 
 9 Konsa, wa a ✡ II Wa 6:13-14te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’ ” 
 10 Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ✡ I Wa 18:36-38ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo. 
 11 Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’ ” 
 12 Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo. 
 13 Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou.  14 Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.” 
 15 Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. ✡ És 51:12 Pa pè li.” 
Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.  16 Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo ✡ II Wa 1:3pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’ ” 
 17 Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li ✡ II Wa 3:1nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a.  18 Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?