21
 1 Pwofesi konsènan dezè lanmè a. 
Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan.  2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. ✡ És 24:16 Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.  3 Pou rezon sa a, ✡ És 13:8 kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè.  4 Panse mwen ap vire tounen. Gwo efryans plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin ✡ Det 28:67fè m tranble.  5 Yo ✡ Jr 51:39-57prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!  6 Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li ✡ II Wa 9:17-20bay rapò a sa li wè a.  7 Lè l wè sila ki ✡ És 21:9monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.”  8 Gadyen nan rele kon yon lyon: ✡ Ag 2:1“O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la!  9 Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout ✡ És 46:1 imaj a dye li yo kraze atè.” 
 10 O ✡ Jr 51:33moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.  11 Pwofesi konsènan Edom an. 
Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan ✡ Jen 32:3Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?”  12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.” 
 13 Pwofesi konsènan Arabie a. 
Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a ✡ Jen 10:7 Dedan yo.  14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi ✡ Jen 25:15Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an.  15 Paske yo te ✡ És 13:14-15sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la.  16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a ✡ Sòm 120:5 Kédar va fini;  17 epi ✡ És 10:19retay sòlda banza yo, mesye pwisan a, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”