49
 1 Koute Mwen, O ✡ És 42:4lil yo 
e tande byen, pèp ki sòti lwen yo. 
SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant; 
depi nan vant manman M, Li te rele M. 
 2 Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; 
nan ✡ És 51:16lonbraj men L, Li te kache Mwen. 
Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, 
e Li te kache Mwen nan fouwo Li. 
 3 Li te di Mwen: ✡ Za 3:8“Ou se sèvitè Mwen, 
Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.” 
 4 Men Mwen te di: “Mwen te ✡ És 65:23travay di an ven. 
Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; 
sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, 
e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.” 
 5 Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant 
pou m ta Sèvitè Li a: 
Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a, 
pou Israël ta ranmase vè Li 
(paske mwen te ✡ És 43:4resevwa lonè nan zye SENYÈ a 
e Bondye Mwen an se fòs Mwen), 
 6 Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen, 
pou leve fè monte tout tribi Jacob yo, 
e restore retay Israël la. 
Konsa anplis, Mwen va fè Ou ✡ És 42:6yon limyè a nasyon yo, 
pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.” 
 7 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, 
a Sila ke lòm ✡ Sòm 22:6-8meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, 
a Sèvitè a chèf yo: 
“Wa yo va wè e vin leve, 
Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, 
Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.” 
 8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab, 
ke M te reponn Ou. 
Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou. 
Mwen va kenbe Ou e ✡ És 42:6bay Ou kon yon akò pou pèp la, 
pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo. 
 9 Pou pale a ✡ És 42:7kaptif yo: ‘Vin parèt’! 
Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’. 
Akote chemen yo, yo va manje 
e patiraj yo va sou tout wotè vid yo. 
 10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf, 
ni solèy ki brile p ap frape yo; 
Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va ✡ Sòm 23:2mennen yo 
e va gide yo rive nan sous dlo yo. 
 11 Mwen va fè tout ✡ És 40:4mòn Mwen yo vin yon chemen, 
e gran chemen Mwen yo va vin leve wo. 
 12 Gade byen, sa yo va vini sòti lwen; 
epi gade, sila yo va soti nan ✡ És 43:5-6nò ak nan lwès la, 
e sila yo va soti nan peyi Sinim yo. 
 13 Rele fò ak jwa, O syèl yo! 
Rejwi, O latè! 
Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! 
Paske ✡ És 40:1SENYÈ a te konsole pèp Li a. 
Li va gen konpasyon pou aflije Li yo. 
 14 Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen, 
e Senyè a te bliye mwen.” 
 15 Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a, 
pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an? 
Menm sila yo ka bliye, men ✡ És 44:21Mwen p ap bliye ou. 
 16 Gade byen, Mwen te ✡ Kan 8:6enskri ou nan pla men Mwen. 
Miray ou yo devan Mwen tout tan. 
 17 Fè pitit ou yo, fè vit. 
Sila k ap ✡ És 10:6detwi yo e k ap devaste yo va kite ou. 
 18 “Leve zye ou e gade toupatou; 
yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. 
✡ És 45:23Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: 
“Ou va, anverite abiye ak yo tout, 
pou yo sèvi kon bijou ou, 
e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.” 
 19 Nan plas dezè e dezole ou yo, 
nan peyi detwi nèt ou a, 
anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo, 
e ✡ Sòm 56:1-2sila ki te vale ou yo va ale byen lwen. 
 20  ✡ És 54:1-3Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou: 
“Plas sa a twò piti pou mwen; 
fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.” 
 21 Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen, 
paske mwen te pèdi pitit mwen yo, 
e mwen rete sèl, yon ✡ És 5:13egzile e yon vwayajè? 
Konsa, se kilès ki te leve sila yo? 
Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’ ” 
 22 Konsa pale Senyè BONDYE a: 
“Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo 
e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo. 
Yo va ✡ És 14:2mennen fis ou yo nan sen yo, 
e fi nou yo va pote sou zepòl yo. 
 23 Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, 
e fi yo kon manman nouris. 
Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, 
pou niche pousyè nan pye ou. 
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; 
sila ki ✡ Sòm 37:9tann Mwen yo p ap vin wont.” 
 24  ✡ Mat 12:29Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an? 
Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre? 
 25 Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm ✡ És 10:6kaptif a nonm pwisan la va soti, 
e piyaj la va rache nan men nonm fò a; 
paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou 
e Mwen va sove fis ou yo. 
 26 Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo; 
yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous. 
Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, 
se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”