8
 1 O ke ou te tankou frè m, 
ki te souse nan tete a manman m. 
Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou; 
nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa! 
 2 Mwen ta mennen ou e ✡ Kan 3:4fè ou antre 
lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an. 
Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti 
nan ji grenad mwen yo pou ou bwè. 
 3 Kite ✡ Kan 2:6men goch li rete anba tèt mwen 
e men dwat li anbrase m. 
 4 “✡ Kan 2:7Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo, 
pa fè lanmou a vin leve, 
ni ankouraje l jiskaske se plezi li. 
Lòt Yo 
 5 Se ✡ Kan 3:6ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a, 
k ap apiye sou cheri li a?” 
Jenn Fi an 
Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve; 
se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt. 
 6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou, 
tankou yon ✡ És 49:16so sou bra ou. 
Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. 
Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; 
lè l pete se tankou dife k ap pete. 
Vrèman se flanm SENYÈ a. 
 7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, 
ni rivyè p ap ka inonde l. 
✡ Pwov 6:35Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, 
sa ta konplètman meprize. 
Frè Yo 
 8 Nou gen yon ti sè e li ✡ Éz 16:7pa gen tete menm; 
kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun 
ta vin pale pou l ta fiyanse avè l? 
 9 Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l; 
men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad 
ak ✡ I Wa 6:15gwo planch bwa sèd. 
Jenn Fi a 
 10 Mwen te yon miray e ✡ Éz 16:7tete mwen te tankou fò yo; 
konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè. 
 11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon; 
Li te ✡ Mat 21:33 bay jerans chan rezen an a gadyen yo. 
Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo. 
 12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m; 
mil sik ajan yo se pou ou, Salomon 
ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo. 
Salomon 
 13 O ou menm, ki chita nan jaden yo, 
ansanm ak zanmi mwen yo, 
kite m tande vwa ou. 
Jenn Fi an 
 14 Annou pati, cheri mwen an! 
Fè tankou yon antilòp, 
oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.