2
Jenn Fi An 
 1 Mwen se flè Woz Saron an, 
flè Lis a vale yo. 
Salomon 
 2 Tankou yon flè lis pami pikan yo, 
se konsa ✡ Kan 1:9cheri mwen an ye 
pami tout jenn fi yo. 
Jenn Fi an 
 3 Tankou yon ✡ Kan 8:5pye pòm pami bwa nan forè, 
se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. 
Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; 
konsa fwi li te dous nan gou m. 
 4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li, 
e ✡ Sòm 20:5 drapo li monte sou mwen an se lanmou. 
 5 Ban m fòs ak ✡ II Sam 6:19 gato rezen, 
rafrechi m ak pòm, 
akoz mwen malad ak lanmou. 
 6 Kite men goch li rete anba tèt mwen 
ak men dwat li pou l ✡ Pwov 4:8anbrase m. 
 7 M ap ✡ Kan 3:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo, 
nan non antilòp ak bich mawon an, 
pou nou pa fè lanmou m leve, 
ni ouvri zye li jiskaske se plezi li. 
 8 Koute! Men cheri mwen an! 
Men l ap vini! 
L ap monte ✡ Kan 2:17sou mòn yo, 
epi vòltije sou kolin yo! 
 9 Cheri mwen an tankou yon ✡ Pwov 6:5antilòp, 
oswa yon jenn sèf. 
Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an; 
l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a. 
 10 Cheri mwen an te reponn mwen 
e te di m: ✡ Kan 2:13“Leve vini cheri mwen an, 
pi bèl mwen an. 
 11 Paske gade, sezon fredi a fin pase, 
lapli fin pati nèt. 
 12 Flè yo deja parèt nan peyi a; 
tan an chante a fin rive! 
Vwa ✡ Jen 15:9toutrèl la ap koute deja nan peyi a. 
 13 Fwi ✡ Mat 24:32pye fig etranje a fin mi, 
e chan rezen yo bay odè pafen. 
Leve vini, annou pati!” 
Salomon 
 14 O toutrèl nan ✡ Jr 48:28fant wòch mwen an, 
nan kote sekrè chemen ki monte apik, 
kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou! 
Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt. 
 15  ✡ Éz 13:4Kenbe rena yo pou nou, 
ti rena k ap detwi chan rezen yo, 
paske chan nou yo ap fè flè. 
Jenn Fi an 
 16 Cheri mwen an se pa m, 
e mwen se pa l. 
Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo. 
 17  ✡ Kan 4:6Jiskaske joune a vin fè fre 
lè lonbraj yo kouri ale; 
vire, cheri mwen an, 
fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.