56
 1 Konsa pale SENYÈ a: 
“Konsève sa ki jis 
e fè sa ki dwat, 
paske ✡ Sòm 85:9sali Mwen an prèt pou rive 
e ladwati Mwen va vin revele. 
 2 A la ✡ Sòm 112:1beni nonm ki fè sa a beni, 
e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm; 
ki pa janm derespekte Saba a, 
e ki anpeche men l fè mal la.” 
 3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: 
“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” 
Ni pa kite ✡ Det 23:1 enik lan di: 
“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”. 
 4 Paske konsa pale SENYÈ a: 
“A enik yo ki ✡ És 56:2-6kenbe Saba Mwen yo, 
ki chwazi sa ki fè M plezi, 
e ki kenbe fèm nan akò Mwen an, 
 5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; 
anndan miray Mwen yo, yon memoryal 
e yon ✡ És 62:2non ki meyè a fis yo oswa fi yo. 
Mwen va bay yo yon non 
k ap dire nèt jis pou letènite, 
ki p ap janm disparèt.” 
 6 “Anplis, ✡ És 56:3etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a, 
pou sèvi Li, 
pou renmen non a SENYÈ a, 
pou vin sèvitè Li, 
yo tout ki pa derespekte Saba a, 
e ki kenbe fèm sou akò Mwen an; 
 7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, 
e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. 
Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; 
paske ✡ Mat 21:13kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.” 
 8 Senyè BONDYE a, ki ✡ És 11:12rasanble dispèse a Israël yo, deklare: 
“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, 
lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.” 
 9 Nou tout, ✡ Éz 3:17bèt a chan yo, 
vin manje, 
ak tout bèt a forè yo. 
 10  ✡ Éz 3:17Gadyen Li yo avèg. 
Tout nan yo san konprann. 
Se chen bèbè ki pa ka jape; 
moun k ap kouche fè rèv, 
ki renmen somèy. 
 11 Wi, chen yo voras. 
Yo pa janm jwenn asi. 
Se bèje yo ye san konprann. 
Yo tout ✡ És 57:17vire tounen nan pwòp chemen pa yo, 
yo chak nan ranmase byen de tout katye. 
 12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven; 
annou bwè anpil bwason fò. 
Epi ✡ Sòm 10:6demen na p fè menm jan ak jodi a! 
Plis menm!”