13
 1 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale ✡ Jr 13:11achte pou kont ou yon senti an twal len. Mete l nan senti ou, men pa mete li nan dlo.” 
 2 Konsa mwen te achte senti a selon ✡ És 20:2pawòl SENYÈ a, e te mete l nan senti mwen. 
 3 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa a, epi te di:  4 “Pran senti ke ou te achte a, ki antoure senti ou a, leve ale nan ✡ Jr 51:63Rivyè Euphrate la, e kache li la nan yon twou wòch.” 
 5 Konsa, mwen te ale kache li akote Rivyè Euphrate la, ✡ Egz 39:42-43jan SENYÈ a te kòmande mwen an. 
 6 Apre anpil jou, SENYÈ a te di m: “Leve ale nan Rivyè Euphrate la e leve pran senti ke M te kòmande ou sere la a.” 
 7 Epi mwen te ale nan Rivyè Euphrate la, mwen te fouye e mwen te pran senti a sòti nan plas kote mwen te sere li. Konsa, gade byen, senti a te gate. Li te vin san valè. 
 8 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:  9 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Se konsa Mwen va detwi ✡ Lev 26:19ògèy a Juda ak gwo ògèy a Jérusalem nan.  10 Pèp mechan sila a, ki refize koute pawòl Mwen yo, ki mache nan kou tèt di a kè yo e te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo, e pou pwostène devan yo, kite yo vin tankou senti sa a, san okenn valè nèt.  11 Paske jan senti a kwoke nan senti a yon nonm nan, se konsa Mwen te fè tout lakay Israël ✡ Egz 19:5-6kwoke sou Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou yo ta kapab pou Mwen, yon pèp, de rekonesans, pou lwanj e pou glwa; men yo pa t koute.’ 
 12 “Pou sa, ou gen pou pale pawòl sa a yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Fòk tout veso yo plen ak diven.” ’ Epi lè yo di ou: ‘Èske nou pa konnen ke tout veso oblije plen ak diven?’  13 Alò, pale yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou plen tout sila ki rete nan peyi sa yo—wa k ap chita pou David sou twòn li an, prèt yo, pwofèt yo ak tout moun nan peyi Jérusalem yo—ak koze ✡ Sòm 60:3vin sou nèt la!  14 Mwen va kraze yo, youn kont lòt, ni papa ni fis ansanm”, deklare SENYÈ a. “Mwen p ap gen ✡ Det 29:20pitye, ni regrè, ni konpasyon pou yo pa detwi.” ’ ” 
 15 Koute e prete atansyon ak sa. 
Pa fè ✡ Pwov 16:5ògèy, paske SENYÈ a fin pale. 
 16 Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote ✡ És 5:30fènwa, 
avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; 
pou pandan nou ap tann limyè, 
Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a 
pou l rive nan tenèb ki san espwa. 
 17 Men ✡ Mal 2:2si ou pa koute sa a, 
nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. 
Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, 
akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt. 
 18 Di a ✡ II Wa 24:12wa a ak manman rèn nan: 
“Pran yon chèz ki ba, 
paske bèl kouwòn ou an, 
kouwòn de glwa a menm, 
fin tonbe kite tèt ou.” 
 19  ✡ Jr 32:44Vil negev yo te fèmen ak kle, 
e nanpwen moun ki pou louvri yo. 
Tout Juda fin antre an egzil, antre an egzil nèt. 
 20 Leve zye ou pou wè, ✡ Jr 1:15men sila k ap vini soti nan nò yo. 
Kote bann mouton ki te bay a ou menm nan, bèl mouton ou yo? 
 21 Kisa ou va di lè Li chwazi yo chèf sou nou— 
konsi, se nou menm ki te enstwi yo— 
ansyen ✡ Jr 2:25zanmi nou yo vin chèf sou nou? 
Èske gwo doulè p ap sezi ou tankou yon fanm nan akouchman? 
 22 “Si ou di nan kè ou, ✡ Jr 5:19poukisa bagay sa te rive mwen?” 
Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire 
e talon ou yo te vin ekspoze. 
 23  ✡ Pwov 27:22Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, 
oswa leyopa a takte li yo? 
Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, 
ta ka chanje 1 pou vin fè byen. 
 24 Akoz sa, Mwen va ✡ Lev 26:33gaye yo kon pay nan van, nan van dezè a. 
 25 “Sa se ✡ Job 20:29tiraj osò pa nou, 
pòsyon ke nou resevwa sòti nan Mwen an”, deklare SENYÈ a, 
“akoz nou te bliye Mwen 
e te mete konfyans nan sa ki fo. 
 26 Akoz sa, Mwen menm va ✡ Lam 1:8retire jip ou anwo figi ou, 
pou wont ou kapab vin vizib. 
 27 Mwen te wè abominasyon nou yo, ak✡ Jr 5:7-8adiltè ou yo 
e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, 
sou kolin ak nan chan yo. 
Malè a ou menm, O Jérusalem! 
Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” 
Pou konbyen de tan sa va dire?