36
 1 Nan ✡ II Wa 24:1katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:  2 “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan ✡ Jr 3:3-10Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.  3 Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab ✡ Jon 3:10padone inikite ak peche yo.” 
 4 Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon ✡ Jr 36:14woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo.  5 Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen ✡ Jr 32:2limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a.  6 Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon ✡ Jr 36:9jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo.  7  ✡ I Wa 8:33Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.” 
 8 Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te ✡ Jr 1:17li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a.  9 Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon ✡ Jij 20:26jèn devan SENYÈ a.  10 Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan ✡ Jr 35:4chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la. 
 11 Alò, lè ✡ Jr 36:13Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la,  12 Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-✡ Jr 36:20Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo.  13 Michée te ✡ II Wa 22:10deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la.  14 Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.” 
Konsa Baruc, fis a Nethania, ✡ Jr 36:2te pran woulo a nan men l e te ale kote yo.  15 Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.” 
Konsa, Baruc te ✡ Jr 36:21li li bay yo. 
 16 Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo ✡ Jr 36:24te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.”  17 Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, ✡ Jn 9:10-26kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?” 
 18 Epi Baruc te di yo: “Li te ✡ Jr 36:4dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.”  19 Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, ✡ I Wa 17:3 kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.” 
 20 Pou sa, yo te ale kote ✡ Jr 36:12wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a.  21 Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi ✡ II Wa 22:10te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a.  22 Alò, wa a te chita nan ✡ Jij 3:20kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.  23 Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te ✡ I Wa 22:8-27jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a.  24 Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo ✡ Sòm 36:1pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.  25 Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te ✡ Jen 37:22-27sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.  26 Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou ✡ I Wa 19:1-14sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo. 
 27 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin ✡ Jr 36:23brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di:  28  ✡ Jr 36:4-23“Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a.  29 Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ✡ És 29:21 ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’ ” ’  30 ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li ✡ II Wa 24:12-15p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.  31 Anplis, Mwen va ✡ Jr 23:34pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.” ’ ” 
 32 Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ✡ Egz 4:15-16ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.