5
 1 Apre bagay sa yo, te gen ✡ Det 16:1yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem. 
 2 La nan Jérusalem toupre ✡ Né 3:1-32 pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri.  3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a.  4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen. 
 5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la. 
 6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”  
 7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m ✡ Jn 5:4nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.” 
 9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. ✡ Jn 9:14Jou sa a se te jou Saba. 
 10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. ✡ Né 13:19Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.” 
 11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’ ” 
 12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’ 
 13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas. 
 14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. ✡ Mc 2:5Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”  
 15 Nonm nan te ale e te di ✡ Jn 1:19Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li. 
 16 Alò pou rezon sa a, ✡ Jn 1:19Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a. 
 17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”  
 18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ✡ Jn 10:33ki te fè Li vin egal avèk Bondye. 
 19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, ✡ Mat 26:39Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.  20  ✡ Jn 3:35Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi ✡ Jn 14:12pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.  21  Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou ✡ Wo 4:17bay yo lavi, menm jan an ✡ Jn 11:25Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle. 
 22  “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men ✡ Jn 5:27Li te bay tout jijman a Fis la,  23  Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. ✡ Luc 10:16Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a. 
 24  “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi ✡ Jn 12:44kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi ✡ Jn 3:18pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi. 
 25  “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè ✡ Luc 15:24mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi ✡ Jn 6:60sa yo ki tande ap viv.  
 26  “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an ✡ Jn 1:4Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.  27  Li te bay Li otorite pou ✡ Jn 9:39egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.  
 28  “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè ✡ Jn 11:24tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li,   29  epi ap vin parèt. ✡ Dan 12:2Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman. 
 30  “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi ✡ Jn 8:16jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men ✡ Jn 4:34volonte a Li menm, ki te voye Mwen an. 
 31  ✡ Jn 8:14“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè.  32  Gen ✡ Jn 5:37yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè. 
 33  “Ou te voye kote Jean, epi Li  ✡ Jn 1:7-32 te bay temwayaj a verite a.   34  Men ✡ Jn 5:32 temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove. 
 35  “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te ✡ Mc 1:5rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.  
 36  “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske ✡ Jn 10:25-38zèv ke Papa a te ban M pou ✡ Jn 4:34acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.  37  E Papa a ki te voye M nan, ✡ Mat 3:17Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li. 
 38  “E nou pa gen ✡ I Jn 2:14pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a.  39  ✡ Jn 7:52Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm. 
 40  “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.  
 41  ✡ Jn 5:44“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm.  42  Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm. 
 43  “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.  
“Men ✡ Mat 24:5si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l.  44  Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache ✡ Wo 2:29glwa a ki sòti sèlman nan ✡ Jn 17:3sèl Bondye ki genyen an. 
 45  “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se ✡ Jn 9:28Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou. 
 46  “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske ✡ Luc 24:27li te ekri selon Mwen menm.  47  Men ✡ Luc 16:29-31si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”