18
 1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon ✡ Mat 26:36jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo. 
 2 Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn ✡ Luc 21:37reyini la souvan ak disip Li yo.  3 Konsa, ✡ Mat 26:47-56Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam. 
 4 Jésus, ✡ Jn 6:64byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”  
 5 Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.” 
Li te di yo: “Mwen menm se Li”.  
Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo.  6 Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,”  yo te fè bak epi tonbe atè. 
E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.” 
 8 Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”  
 9 Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab ✡ Jn 17:12akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”  
 10 Konsa, Simon Pierre ✡ Mat 26:51ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus. 
 11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. ✡ Mat 20:22Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”  
 12  ✡ Mat 26:57Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.  13 Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a ✡ Mat 26:3Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a.  14 Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li ✡ Jn 11:50ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la. 
 15  ✡ Mat 26:58Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip. 
Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la,  16  ✡ Mat 26:69Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre. 
 17 Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: ✡ Jn 18:25“Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?” 
Li te di: “Se pa Mwen.” 
 18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap ✡ Mc 14:54-67chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li. 
 19 Konsa, ✡ Mat 26:59-68wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo. 
 20 Jésus te reponn Li: “Mwen ✡ Jn 7:26pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.  21  Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”  
 22 Lè Li te di sa, youn nan ✡ Jn 18:3ofisye yo te ✡ Jn 19:3frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?” 
 23  ✡ Mat 5:39Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”  
 24  ✡ Jn 18:3Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la. 
 25  ✡ Mat 26:71-75Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.” 
 26 Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a ✡ Jn 18:10sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou ✡ Jn 18:1nan jaden an avèk Li?” 
 27 Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, ✡ Jn 13:38kòk la te chante. 
 28  ✡ Mat 27:2Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la. 
 29  ✡ Mat 27:11-14Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?” 
 30 Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.” 
 31 Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.” 
 32 Pou ✡ Mat 20:19pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri. 
 33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: ✡ Luc 23:3“Èske Ou se Wa a Jwif yo.” 
 34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”  
 35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?” 
 36 Jésus te reponn: ✡ Mat 26:53“Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”  
 37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” 
✡ Mat 27:11“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”  
 38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: ✡ Luc 23:4“Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.  39  ✡ Mat 27:15-26Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?” 
 40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: ✡ Trav 3:14“Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.