14
 1  ✡ Ekl 2:23Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka. 
 2 Tankou yon flè, li parèt e li fennen. 
Anplis, ✡ Job 8:9li sove ale kon lonbraj. 
Li pa dire. 
 3 Èske Ou ouvri zye Ou sou li 
pou ✡ Sòm 143:2mennen li an jijman avèk W? 
 4  ✡ Job 15:4Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp? 
Pèsòn! 
 5 Konsi ✡ Job 21:21fòs jou li yo avèk Ou, 
fòs mwa li yo avèk Ou. 
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase. 
 6  ✡ Job 7:19Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò, 
jiskaske li kab konplete jou li yo, 
kon yon ouvriye jounalye. 
 7 Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe, 
li kab boujonnen ankò, 
nouvo boujon yo kab reyisi. 
 8 Malgre rasin li yo vin vye nan tè a, 
e chouk li mouri nan tè sèch, 
 9 fè rive yon gout dlo, 
e li va pete pouse boujon yo kon yon plant. 
 10 Men ✡ Job 3:13lòm mouri pou kouche plat. 
Lòm mouri e kibò li ye? 
 11 Tankou ✡ És 19:5dlo lanmè fè vapè monte 
e rivyè a vin sèch, 
 12 konsa ✡ Job 3:13lòm kouche, e li pa leve ankò. 
Jiskaske syèl yo vin disparèt, 
li p ap reveye, ni leve ankò. 
 13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an, 
pou ou ta kapab fè m kache ✡ És 26:20jiskaske chalè Ou 
retounen kote Ou! 
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m! 
 14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? 
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann 
jiskaske lè rive pou yo lage m. 
 15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou; 
Konsa, Ou ta anvi anpil ✡ Job 10:3zèv men Ou yo. 
 16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo. 
Èske Ou pa ✡ Job 10:6swiv peche m yo? 
 17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè 
Konsa, Ou vlope tout inikite m yo. 
 18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen; 
wòch la ap kite plas li. 
 19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a. 
Se konsa Ou ✡ Job 7:6detwi espwa a lòm. 
 20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li ✡ Job 4:20pati; 
Ou chanje aparans li, e voye l ale. 
 21 Fis li yo vin resevwa lonè, men ✡ Ekl 9:5li menm pa konnen sa; 
oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa. 
 22 Men kò l fè mal; 
epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.