15
 1 Epi Éliphaz Temanit lan te reponn: 
 2 Èske yon nonm saj ta dwe bay repons 
ak konesans ki sòti nan van, 
✡ Job 6:26e ki plen tèt li avèk van lès? 
 3 Èske li ta diskite ak pale initil, 
oswa ak pawòl ki pa gen valè? 
 4 Anverite, ou manke respè Bondye 
e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye. 
 5 Paske se ✡ Job 22:5koupabilite ou ki enstwi bouch ou, 
e ou chwazi langaj a rizye yo. 
 6  ✡ Job 18:7Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen; 
epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou. 
 7 “Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a, 
oswa ✡ Job 38:4-21èske ou te fèt avan tout kolin yo? 
 8 Èske ou konn tande ✡ Wo 11:34konsèy sekrè a Bondye yo, 
oswa èske tout sajès se pou ou sèl? 
 9  ✡ Job 12:3Kisa ou konnen ke nou pa konnen? 
Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann? 
 10 Genyen ni granmoun ak moun ✡ Job 12:12cheve blanch pami nou, 
ki pi gran pase papa ou. 
 11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou, 
menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo? 
 12 Poukisa a✡ Job 11:13kè ou pote ou rive lwen konsa? 
Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa? 
 13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e 
kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou? 
 14 Kisa lòm nan ye pou ✡ Ekl 7:20li ta kab san tach, 
oswa ✡ Job 25:4 sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat? 
 15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan ✡ Job 5:1sen Li yo 
e menm syèl yo pa san tach nan zye Li; 
 16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; 
lòm ki ✡ Job 34:7bwè inikite kon dlo a! 
 17 “M ap di ou, koute m byen; 
sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li; 
 18  ✡ Job 8:8sa ke moun saj konn pale 
e ki pa t kache sòti de papa pa yo, 
 19 A sila yo menm sèl ke tè a te donnen, 
e pa t gen etranje ki te pase pami yo. 
 20 Moun mechan an vire tounen ✡ Job 15:24nan pwòp doulè li tout tan, 
e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole. 
 21 Bri laperèz sone nan zòrèy li. 
✡ Job 20:21Pandan li anpè, destriktè a rive sou li. 
 22 Li pa gen espwa ✡ Job 15:30sòti nan tenèb la. 
Desten li se ✡ Job 19:29 nepe. 
 23 Li mache egare pou chache manje epi di: 
‘Kote li ye?’ 
Konsa, li konnen ke ✡ Job 15:22-30jou tenèb la gen tan rive. 
 24 Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz. 
Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake. 
 25 Paske li fin lonje men l kont Bondye 
e aji ak ✡ Job 36:9awogans kont Toupwisan an. 
 26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan 
avèk gwo boukliye li. 
 27 Paske li fin ✡ Sòm 73:7kouvri figi li ak grès li, 
e fè kwis li vin lou ak chè. 
 28 Li te ✡ Job 3:14viv nan vil dezole yo, 
nan kay kote pèsòn pa ta rete yo, 
ki fèt pou vin dekonble nèt. 
 29 Li ✡ Job 27:16-17p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire; 
tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè. 
 30 Li p ap ✡ Job 5:14chape nan tenèb la. 
Flanm nan va seche tout boujon li yo. 
Kon ✡ Job 4:9souf bouch li, lap wale nèt. 
 31 Pa kite li ✡ Job 35:13mete konfyans nan gwo vid la. 
Sa a ta yon desepsyon; 
paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li. 
 32 Sa va vin rive ✡ Job 22:16avan lè li. 
Branch palmis li p ap vèt. 
 33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a, 
e va ✡ Job 14:2jete flè li kon pye oliv la. 
 34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, 
epi se dife kap brile tant anba pwès yo. 
 35 Yo ✡ Sòm 7:14 plante mal la, e yo rekòlte inikite; 
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”