28
 1 Mechan yo ✡ Lev 26:17-36sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; 
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon. 
 2 Pa transgresyon a yon pèp, ✡ I Wa 16:8-28chèf peyi yo vin anpil; 
men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans. 
 3 Yon moun pòv ki peze malere 
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen. 
 4 Sila ki abandone lalwa a ✡ Sòm 49:18bay lwanj a moun mechan; 
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo. 
 5 Moun mechan yo ✡ Sòm 92:6pa konprann lajistis; 
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay. 
 6  ✡ Pwov 19:1Pi bon se malere ki mache ak ladwati a 
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès. 
 7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann; 
men sila ki fè zanmi ak moun ✡ Pwov 23:20voras fè papa l wont. 
 8 Sila ki agrandi richès li avèk ✡ Egz 22:25enterè sou lajan, 
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a. 
 9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, 
menm ✡ Sòm 66:18lapriyè li abominab. 
 10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an 
va li menm tonbe nan pwòp fòs li; 
men ✡ Mat 6:33 sila ki san tò a, va gen bon eritaj. 
 11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l; 
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt. 
 12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; 
men ✡ Pwov 28:28lè mechan yo leve tout moun kache kò yo. 
 13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; 
men sila ki ✡ Sòm 32:5 konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon. 
 14 A la beni se sila ki toujou ✡ Pwov 23:17gen lakrent Bondye a! 
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè. 
 15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake, 
se konsa yon ✡ Egz 1:14 chèf mechan ye sou yon pèp malere. 
 16 Yon ✡ Ekl 10:16gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann; 
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo. 
 17 Yon nonm ki ✡ Jen 9:6twouble ak koupabilite san moun 
va yon fijitif jiskaske li mouri. 
Pinga pèsòn ba li soutyen. 
 18 Sila ki mache san tò a va delivre; 
men sila ki ✡ Pwov 10:27kwochi a va tonbe byen vit. 
 19  ✡ Pwov 12:11Sila ki laboure tè a va gen anpil manje; 
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè. 
 20 Yon nonm ✡ Pwov 10:6fidèl va gen anpil benediksyon; 
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon. 
 21 Montre patipri pa bon, 
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese. 
 22 Yon nonm ak ✡ Pwov 23:6move zye kouri dèyè richès 
e li pa konnen kisa k ap rive li. 
 23 Sila ki bay yon moun repwòch 
va jwenn plis favè pase sila ki ✡ Pwov 29:5 fè flatè ak lang li an. 
 24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l 
epi di: “Sa pa yon transgresyon”, 
se ✡ Pwov 18:9 parèy ak yon moun ki detwi. 
 25 Yon nonm awogan ap ✡ Pwov 15:18pwovoke konfli; 
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere. 
 26 Sila ki ✡ Pwov 3:5mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou; 
men sila ki mache ak sajès la va delivre. 
 27 Sila ki ✡ Pwov 11:24bay a malere a p ap janm manke; 
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon. 
 28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo; 
men lè yo peri moun dwat yo vin plis.