21
Pou direktè koral la; Yon sòm David 
 1 O SENYÈ, ✡ Sòm 59:16-17nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. 
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen! 
 2 Ou te bay li dezi a kè li, 
ni Ou pa t refize demand a lèv li yo. 
 3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk 
benediksyon de tout bon bagay. 
Ou te mete yon ✡ II Sam 12:30 kouwòn sou tèt li. 
 4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. 
Yon vi ki long ak ✡ Sòm 91:16jou k ap dire 
jis pou tout tan. 
 5 Glwa li gran nan sali pa Ou. 
✡ Sòm 96:6 Onè ak majeste Ou te mete sou li. 
 6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; 
Ou te fè li plen ak lajwa ✡ Sòm 43:4avèk kè kontan nan prezans Ou. 
 7 Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. 
Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, 
✡ Sòm 112:6Li p ap ebranle menm. 
 8 Men ou va ✡ És 10:10dekouvri tout lènmi ou yo. 
Men dwat ou va jwenn sila ki rayi ou yo. 
 9 Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. 
SENYÈ a va ✡ Lam 2:2vale yo nèt nan kòlè Li, 
epi dife va devore yo. 
 10 Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, 
epi ✡ Sòm 37:28desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo. 
 11 Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, 
e te ✡ Sòm 10:2fòme yon konplo, 
yo p ap reyisi. 
 12 Paske Ou va fè yo vire do yo. 
Ou va pwente ✡ Sòm 7:12-13banza sou figi yo 
ak bon kontwòl. 
 13 Ke Ou leve wo, O SENYÈ, 
ak tout fòs Ou! 
Nou va ✡ Sòm 59:16chante e bay lwanj a pwisans Ou.