96
 1 Chante a SENYÈ a yon ✡ Sòm 40:3 chan tounèf! 
Chante a SENYÈ a tout latè a. 
 2 Chante a SENYÈ a! 
Beni non Li! 
✡ Sòm 71:15 Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou. 
 3 Pale ✡ Sòm 145:12 glwa Li pami nasyon yo, 
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo. 
 4 Paske gran se SENYÈ a! 
Li merite gran lwanj. 
Fòk Li resevwa krentif nou ✡ Sòm 95:3pi wo ke tout dye yo. 
 5 Paske tout dye a pèp yo se zidòl, 
men SENYÈ a te fè syèl yo. 
 6  ✡ Sòm 104:1 Tout bèlte ak majeste devan L. 
Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a. 
 7 Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo, 
✡ I Kwo 16:28-29 bay a SENYÈ a glwa ak pwisans. 
 8 Bay a SENYÈ a ✡ Sòm 79:9 glwa a non Li. 
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo. 
 9 Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. 
✡ Sòm 33:8 Tranble devan L, tout latè a. 
 10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” 
Anverite, mond lan etabli byen solid. 
Li p ap ebranle menm. 
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis. 
 11 Kite ✡ Sòm 69:34 syèl yo vin kontan e kite latè rejwi. 
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann. 
 12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo. 
Epi tout ✡ És 44:23 bwa nan forè yo va chante ak jwa 
 13 devan SENYÈ a, paske La p vini. 
Paske La p vini pou jije latè. ✡ Rev 19:11 Li va jije mond lan 
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.