71
 1  ✡ Sòm 25:2-3 Nan Ou, O SENYÈ, mwen te pran refij. 
Pa janm kite mwen vin wont. 
 2  ✡ Sòm 31:1 Nan ladwati Ou, delivre mwen e fè m sekou. 
Panche zòrèy Ou bò kote m e sove mwen. 
 3 Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an, 
kote mwen kab vini tout tan. 
Ou te pase lòd pou sove mwen, 
paske Ou se ✡ Sòm 18:2wòch mwen ak sitadèl mwen. 
 4  ✡ Sòm 140:1-4 Delivre mwen, O Bondye mwen, nan men a mechan yo, 
Fè m sòti nan ponyèt a malfektè a ak san pitye a, 
 5 Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, 
Ou se ✡ Sòm 22:9 konfyans mwen soti nan jenès mwen. 
 6 Pa Ou menm, mwen te twouve ✡ Sòm 22:10 soutyen depi lè m te fèt. 
Se Ou menm ki te retire mwen nan vant manman m. 
Tout tan se Ou menm ke m louwe. 
 7 Mwen parèt kon yon ✡ És 8:18 mèvèy pou anpil moun, 
men se Ou ki fò refij mwen. 
 8 Bouch mwen plen avèk lwanj Ou 
ak ✡ Sòm 96:6 glwa Ou tout lajounen. 
 9 Pa jete mwen akote nan ✡ Sòm 71:18 tan vyeyès mwen. 
Pa abandone mwen lè fòs mwen vin febli. 
 10 Paske Lènmi m yo te pale kont mwen. 
Sila k ap veye pou pran lavi m yo ✡ Sòm 31:13 ap pran konsèy ansanm, 
 11 Y ap di: ✡ Sòm 3:2 “Bondye fin abandone li. 
Annou kouri dèyè l, e sezi li. 
Paske nanpwen moun ki pou delivre l.” 
 12 O Bondye, ✡ Sòm 10:1 pa rete lwen mwen. 
O Bondye m, fè vit a sekou mwen! 
 13 Kite sila ki advèsè a nanm mwen yo vin wont e manje nèt. 
Kite yo kouvri avèk repwòch ak dezonè k ap ✡ Est 9:2chache blese mwen. 
 14 Men pou mwen, mwen va kenbe espwa m pou tout tan. 
Mwen va ✡ Sòm 71:8bay Ou lwanj plis toujou. 
 15 Bouch mwen va pale ladwati Ou, 
ak sali Ou tout lajounen, 
menmsi mwen ✡ Sòm 40:5pa kab fin konnen 
fòs valè tout jou sa yo. 
 16 Mwen va vini ak zèv pwisan SENYÈ Bondye a. 
Mwen va ✡ Sòm 51:14pale ladwati Ou, sèl de Ou menm. 
 17 O Bondye, Ou ✡ Det 4:5 te enstwi mwen depi jenès mwen. 
Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo. 
 18 Wi, menm lè m vye ak cheve blanch, O Bondye, pa abandone m, 
jiskaske mwen fin ✡ Sòm 22:31deklare fòs Ou a jenerasyon sila a, 
ak pwisans Ou a tout sila k ap vini yo. 
 19 Paske ladwati Ou, O Bondye, rive jis nan syèl yo. 
Ou menm ki te fè gwo bagay yo. 
O Bondye, se ✡ Det 3:24kilès ki tankou Ou menm? 
 20 Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, 
va fè m viv. 
Ou va mennen mwen monte soti nan ✡ Sòm 86:13fon tè yo. 
 21 Ke Ou fè lonè mwen vin plis e vire ban m konsolasyon ankò. 
 22 Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen. 
A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita, 
O ✡ II Wa 19:22Sila Ki Sen an Israël la. 
 23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm 
pou ✡ Sòm 34:22 nanm mwen ke Ou te rachte a. 
 24 Lang mwen, anplis, va pale ladwati Ou tout lajounen. 
Paske yo wont, yo imilye, 
Sila ki te chache fè m mal yo.