51
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba. 
 1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. 
Selon grandè a mizerikòd ou, 
✡ Sòm 51:9efase transgresyon mwen yo. 
 2 Lave m nèt de inikite mwen yo e 
netwaye m de peche mwen an. 
 3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo. 
Peche mwen yo devan m tout tan. 
 4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, 
e te fè mal devan zye Ou. 
Akoz sa, ✡ Wo 3:4Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije. 
 5 Gade byen, mwen te fèt nan inikite, 
e se nan peche manman m te vin ansent mwen. 
 6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. 
Nan pati kache anndan m, Ou va ✡ Pwov 2:6fè m konnen sajès. 
 7 Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. 
Lave mwen e mwen va ✡ És 1:18pi blan ke lanèj. 
 8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan, 
pou ✡ Sòm 35:10zo ke Ou te kase yo, vin rejwi. 
 9  ✡ Jr 16:17Kache figi Ou de peche m yo. 
Efase tout inikite mwen yo. 
 10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, 
epi refè yon lespri ki ✡ Sòm 78:37dwat anndan m. 
 11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e 
pa retire ✡ És 63:10-11Lespri Sen Ou an sou mwen. 
 12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a. 
Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte. 
 13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo, 
e ✡ Sòm 22:27pechè yo va konvèti a Ou menm. 
 14 Delivre mwen de ✡ II Sam 12:9koupabilite san vèse a, 
O Bondye, Bondye a sali mwen an. 
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa 
selon ladwati a Ou menm nan. 
 15 O Mèt mwen an, ✡ Egz 4:15ouvri lèv mwen 
pou m kab deklare lwanj Ou. 
 16 Paske Ou ✡ I Sam 15:22pa pran plezi nan sakrifis. 
Otreman, mwen ta bay li. 
Ofrann brile yo pa fè Ou kontan. 
 17 Sakrifis a Bondye yo se yon ✡ Sòm 34:18espri ki kraze. 
Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, 
Ou p ap meprize l. 
 18 Avèk ✡ Sòm 69:35bonte Ou, fè byen pou Sion. 
Bati miray a Jérusalem yo. 
 19 Konsa, Ou va rejwi nan ✡ Sòm 4:5sakrifis ladwati yo, 
nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo. 
Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.