28
Yon sòm David 
 1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! 
Wòch mwen an, pa vin soud devan m, 
paske si Ou ✡ Sòm 83:1rete silan devan mwen, 
mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt. 
 2 Tande ✡ Sòm 140:6vwa a siplikasyon mwen yo 
lè m kriye a Ou menm pou sekou, 
lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an. 
 3  ✡ Sòm 26:9Pa rale m sòti avèk mechan yo, 
avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk vwazen yo, 
pandan mechanste nan kè yo. 
 4 Rekonpanse yo ✡ Rev 18:6selon zèv yo ak selon mechanste yo abitye fè yo. 
Rekonpanse yo selon zèv men yo. 
Remèt yo tout rekonpans pa yo. 
 5 Akoz yo ✡ És 5:12pa okipe zèv a SENYÈ yo, 
ni travay men Li yo. 
Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte. 
 6 Beni se SENYÈ a, 
akoz Li ✡ Sòm 28:2te tande vwa a siplikasyon mwen yo. 
 7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. 
Kè m ✡ Sòm 13:5mete konfyans nan Li, e mwen 
jwenn sekou. 
Pou sa, kè m leve wo nèt. 
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi. 
 8 SENYÈ a se ✡ Sòm 20:6fòs yo. 
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo. 
 9  ✡ Sòm 80:1 Sove pèp Ou a, e beni eritaj pa Ou a. 
Devni bèje yo tou, 
e bay yo soutyen jis pou tout tan.