129
Yon chan pou monte vè tanp lan. 
 1 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan ✡ És 47:12jenès mwen. 
Kite Israël di koulye a: 
 2 “Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, 
men yo pa janm reyisi kont mwen. 
 3 Labourè yo te laboure chan yo sou do m. 
Yo fè tranch tè yo vin pi long.” 
 4 SENYÈ a dwat. 
Kòd a mechan yo, Li te koupe yo fè bout. 
 5 Ke tout sila ki ✡ Mi 4:11rayi Sion yo vin wont! 
Ke yo retounen fè bak menm. 
 6 Kite yo vin tankou ✡ II Wa 19:26zèb sou kay la; 
zèb ki fennen avan li grandi, 
 7 jis moun rekòlt la p ap kapab plen men l, 
oubyen sila ki mare pote pake a, 
pa p ka plen lestomak li. 
 8 Ni sila ki pase yo, p ap di: 
“Ke ✡ Rt 2:4benediksyon SENYÈ a rete avèk ou. 
Nou beni ou nan non SENYÈ a.”