47
 1 “Vin desann chita nan pousyè a, O ✡ Sòm 137:8fi vyèj Babylone nan; 
Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! 
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm. 
 2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin. 
Retire ✡ Jen 24:65vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. 
Travèse rivyè yo. 
 3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. 
Mwen va ✡ És 34:8pran vanjans 
e Mwen p ap bliye pèsòn.” 
 4  ✡ És 41:14Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, 
Sila Ki Sen an Israël la. 
 5  ✡ És 23:2Chita an silans e antre nan fènwa a, 
O fi a Kaldeyen yo, 
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo. 
 6 Mwen te fache ak pèp Mwen an; 
Mwen te pwofane eritaj Mwen an, 
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. 
Ou pa t montre yo gras, 
men menm ak ✡ Det 28:50granmoun nan vyeyès yo, 
ou te fè jouk ou byen lou. 
 7 Malgre, ou te di: ‘Se ✡ És 47:5rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ 
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive. 
 8 “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, 
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: 
‘Se mwen menm e nanpwen lòt. 
Mwen p ap janm ✡ Rev 18:7chita tankou yon vèv, 
ni konnen pèt timoun.’ 
 9 Men de bagay sa yo va rive sou nou ✡ Sòm 73:19sibitman 
nan yon jou: 
pèt a pitit ak afè vin vèv la. 
Yo va rive an mezi plen nèt; 
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa 
wanga nou konn fè yo. 
 10 Ou te santi ou te ✡ Sòm 52:7byen pwoteje nan mechanste ou 
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. 
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; 
paske nan kè ou, ou te di: 
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’. 
 11 Men ✡ És 57:1malè va vini sou ou ke ou p ap gen 
maji pou detounen. 
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. 
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk 
va rive sou ou sibitman. 
 12 Kanpe fèm nan tout ✡ És 47:9maji ak wanga 
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo. 
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble. 
 13 Ou vin ✡ Jr 51:58-64fatige ak tout konsèyè yo. 
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, 
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, 
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo. 
 14 Gade byen, yo ✡ És 5:24tankou pay. 
Dife ap brile yo. 
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo. 
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo, 
ni flanm dife pou yo chita devan l! 
 15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen: 
Tout sa yo ki ✡ Rev 18:11fè komès ak ou depi nan jenès ou yo 
va mache egare nan chemen pa yo; 
nanpwen moun ki pou ta sove ou.