23
 1 Pwofesi konsènan Tyr a. 
Rele anmwey, O bato a ✡ Jen 10:4 Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre.  2  ✡ És 47:5Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou.  3 Sou anpil dlo sereyal a ✡ Jos 13:3Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo.  4 Rete wont, ✡ Jen 10:15-19O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.”  5 Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.  6 Janbe rive ✡ És 23:1Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo!  7 Èske sa se gwo vil ✡ És 22:2kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo? 
 8 Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn ✡ Éz 28:2bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?  9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye ✡ És 5:13 tout gran sou latè yo.  10 Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.  11 Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou ✡ És 25:2 detwi tout fò ranfòse yo.  12 Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse ✡ És 23:1Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.” 
 13 Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze.  14 Rele anmwey, O ✡ És 2:16bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi!  15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan ✡ Jr 25:11-22swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a.  16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.  17 Li va vin rive nan ✡ És 23:15fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo.  18 Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va ✡ Egz 28:36mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.