15
 1 Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen ✡ Lev 26:21sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini. 
 2 Mwen te wè yon bagay tankou ✡ Rev 4:6lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo ✡ Rev 12:11ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo. 
 3 Konsa, yo te chante ✡ Egz 15:1chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: 
✡ Det 32:3“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, 
O Senyè, Bondye Toupwisan an! 
Jis e vrè, se chemen Ou yo, 
Wa a nasyon yo. 
 4 Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, 
epi bay glwa a non Ou? 
Paske se Ou sèl ki sen. 
✡ Sòm 86:9Paske tout nasyon yo va vini 
pou adore devan Ou. 
Paske zèv ladwati Ou yo, 
Ou gen tan revele.” 
 5 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e ✡ Rev 11:19tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri.  6 Konsa, ✡ Rev 15:1sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò. 
 7 Answit, youn nan ✡ Rev 4:6kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan. 
 8 Epi tanp lan te vin ranpli avèk ✡ Egz 19:18lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.