22
 1 Answit, li te montre m yon ✡ Sòm 46:4rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,  2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te ✡ Jen 2:9pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo. 
 3  ✡ Za 14:11P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li.  4 Yo va ✡ Sòm 42:2wè figi Li, e non Li va sou fon yo. 
 5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni ✡ És 60:19limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan. 
 6 Konsa, Li te di mwen: ✡ Rev 19:9“Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout. 
 7  “Gade byen, Mwen ap vini vit. ✡ Rev 1:3Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”  
 8 Alò, ✡ Rev 1:1Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, ✡ Rev 19:10mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l. 
 9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de ✡ Rev 1:11liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”  10 Epi li te di mwen: ✡ Dan 8:26“Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch.  11  ✡ Éz 3:27Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen. 
 12  “Gade byen, Mwen ap vini vit!  ✡ És 40:10Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.  13  Mwen se Alfa a ak Omega a, ✡ És 44:6premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”  
 14  Beni se sila ki ✡ Rev 7:14lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa ✡ Rev 21:27pòtay yo, antre nan vil la. 
 15  ✡ Mat 8:12Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti. 
 16  “Mwen, Jésus, te voye ✡ Rev 1:1zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”  
 17  ✡ Rev 2:7Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini. 
 18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ✡ Det 4:2ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.  19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ✡ Rev 21:10—22:5ki ekri nan liv sila a. 
Amen. Vini, Senyè Jésus. 
 21  ✡ Wo 16:20Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.