4
1 Konsa, paske ✡ I Pi 2:21Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2  ✡ Wo 6:2pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske ✡ I Kor 12:2tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo ✡ Ef 5:18dejenere konsa a, e yo ✡ I Pi 3:16pale mal sou nou. 5 Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije ✡ Trav 10:42vivan ak mò yo a.
6 Paske ✡ I Pi 3:18pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
7  ✡ Wo 13:11Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye. 8 Anplis de tout bagay, ✡ I Pi 1:22rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske ✡ Pwov 10:12lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9  ✡ I Tim 3:2Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10  ✡ Wo 12:6Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm ✡ I Kor 4:1bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11  ✡ Tit 2:1Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk ✡ Ef 6:10tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12 Byeneme yo, pa vin etone de ✡ I Pi 1:6eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou ✡ Wo 8:17pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou ✡ Jn 15:21pou non a Kris la ✡ Mat 5:11nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay✡ II Tes 3:11; 16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.✡ I Pi 4:11
17 Paske li lè pou jijman ✡ Am 3:2kòmanse avèk ✡ Eb 3:6manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18  ✡ Pwov 11:31Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive ✡ I Tim 1:9nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon ✡ I Pi 3:17volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòn yon Kreyatè Fidèl.

✡4:1 I Pi 2:21

✡4:2 Wo 6:2

✡4:3 I Kor 12:2

✡4:4 Ef 5:18

✡4:4 I Pi 3:16

✡4:5 Trav 10:42

✡4:6 I Pi 3:18

✡4:7 Wo 13:11

✡4:8 I Pi 1:22

✡4:8 Pwov 10:12

✡4:9 I Tim 3:2

✡4:10 Wo 12:6

✡4:10 I Kor 4:1

✡4:11 Tit 2:1

✡4:11 Ef 6:10

✡4:12 I Pi 1:6

✡4:13 Wo 8:17

✡4:14 Jn 15:21

✡4:14 Mat 5:11

✡4:15 II Tes 3:11

✡4:16 I Pi 4:11

✡4:17 Am 3:2

✡4:17 Eb 3:6

✡4:18 Pwov 11:31

✡4:18 I Tim 1:9

✡4:19 I Pi 3:17