2
1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout ✡ Det 4:19lanmè yo.
2 Nan ✡ Egz 20:8-11setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
4  ✡ Job 38:4-11Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. 5  ✡ Jen 1:11Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan ✡ Jen 3:19 pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e ✡ I Kor 15:45lòm te devni yon nanm vivan.
8 Senyè Bondye a te plante yon ✡ Jen 13:10jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ✡ Jen 3:22ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10 Alò, yon ✡ Sòm 46:4rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi ✡ Jen 25:18Havila, kote ki gen lò a. 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè ✡ Dan 10:4Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se ✡ Jen 15:18Euphrate.
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16 Senyè Bondye a te ✡ Jen 3:2-3kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ✡ Det 30:15-20 ou va mouri.”
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va ✡ I Kor 11:9 fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19  ✡ Jen 1:24Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon ✡ Jen 2:18asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon ✡ Jen 15:2Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk ✡ I Kor 11:8-9kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “✡ Jen 29:14Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24  ✡ Mat 19:5 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25  ✡ Jen 3:7,10,11Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

✡2:1 Det 4:19

✡2:2 Egz 20:8-11

✡2:4 Job 38:4-11

✡2:5 Jen 1:11

✡2:7 Jen 3:19

✡2:7 I Kor 15:45

✡2:8 Jen 13:10

✡2:9 Jen 3:22

✡2:10 Sòm 46:4

✡2:11 Jen 25:18

✡2:14 Dan 10:4

✡2:14 Jen 15:18

✡2:16 Jen 3:2-3

✡2:17 Det 30:15-20

✡2:18 I Kor 11:9

✡2:19 Jen 1:24

✡2:20 Jen 2:18

✡2:21 Jen 15:2

✡2:22 I Kor 11:8-9

✡2:23 Jen 29:14

✡2:24 Mat 19:5

✡2:25 Jen 3:7,10,11