5
1 Apre bagay sa yo, te gen ✡ Det 16:1yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
2 La nan Jérusalem toupre ✡ Né 3:1-32 pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri. 3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a. 4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m ✡ Jn 5:4nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
8 Jésus te di l ✡ Mat 9:6“Leve, pran kabann ou, epi mache!”
9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. ✡ Jn 9:14Jou sa a se te jou Saba.
10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. ✡ Né 13:19Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’ ”
12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. ✡ Mc 2:5Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
15 Nonm nan te ale e te di ✡ Jn 1:19Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
16 Alò pou rezon sa a, ✡ Jn 1:19Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ✡ Jn 10:33ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, ✡ Mat 26:39Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an. 20  ✡ Jn 3:35Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi ✡ Jn 14:12pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone. 21  Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou ✡ Wo 4:17bay yo lavi, menm jan an ✡ Jn 11:25Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
22  “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men ✡ Jn 5:27Li te bay tout jijman a Fis la, 23  Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. ✡ Luc 10:16Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
24  “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi ✡ Jn 12:44kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi ✡ Jn 3:18pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi.
25  “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè ✡ Luc 15:24mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi ✡ Jn 6:60sa yo ki tande ap viv.
26  “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an ✡ Jn 1:4Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27  Li te bay Li otorite pou ✡ Jn 9:39egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
28  “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè ✡ Jn 11:24tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29  epi ap vin parèt. ✡ Dan 12:2Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
30  “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi ✡ Jn 8:16jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men ✡ Jn 4:34volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
31  ✡ Jn 8:14“Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè. 32  Gen ✡ Jn 5:37yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
33  “Ou te voye kote Jean, epi Li ✡ Jn 1:7-32 te bay temwayaj a verite a. 34  Men ✡ Jn 5:32 temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
35  “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te ✡ Mc 1:5rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
36  “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske ✡ Jn 10:25-38zèv ke Papa a te ban M pou ✡ Jn 4:34acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37  E Papa a ki te voye M nan, ✡ Mat 3:17Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
38  “E nou pa gen ✡ I Jn 2:14pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39  ✡ Jn 7:52Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
40  “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
41  ✡ Jn 5:44“Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm. 42  Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.
43  “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.
“Men ✡ Mat 24:5si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l. 44  Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache ✡ Wo 2:29glwa a ki sòti sèlman nan ✡ Jn 17:3sèl Bondye ki genyen an.
45  “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se ✡ Jn 9:28Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
46  “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske ✡ Luc 24:27li te ekri selon Mwen menm. 47  Men ✡ Luc 16:29-31si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”

✡5:1 Det 16:1

✡5:2 Né 3:1-32

✡5:7 Jn 5:4

✡5:8 Mat 9:6

✡5:9 Jn 9:14

✡5:10 Né 13:19

✡5:14 Mc 2:5

✡5:15 Jn 1:19

✡5:16 Jn 1:19

✡5:18 Jn 10:33

✡5:19 Mat 26:39

✡5:20 Jn 3:35

✡5:20 Jn 14:12

✡5:21 Wo 4:17

✡5:21 Jn 11:25

✡5:22 Jn 5:27

✡5:23 Luc 10:16

✡5:24 Jn 12:44

✡5:24 Jn 3:18

✡5:25 Luc 15:24

✡5:25 Jn 6:60

✡5:26 Jn 1:4

✡5:27 Jn 9:39

✡5:28 Jn 11:24

✡5:29 Dan 12:2

✡5:30 Jn 8:16

✡5:30 Jn 4:34

✡5:31 Jn 8:14

✡5:32 Jn 5:37

✡5:33 Jn 1:7-32

✡5:34 Jn 5:32

✡5:35 Mc 1:5

✡5:36 Jn 10:25-38

✡5:36 Jn 4:34

✡5:37 Mat 3:17

✡5:38 I Jn 2:14

✡5:39 Jn 7:52

✡5:41 Jn 5:44

✡5:43 Mat 24:5

✡5:44 Wo 2:29

✡5:44 Jn 17:3

✡5:45 Jn 9:28

✡5:46 Luc 24:27

✡5:47 Luc 16:29-31