3
1 Raple yo ✡ Wo 13:1pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e✡ II Tim 2:21prè pou tout bon zèv 2 pou pa di mal de pèsòn, men toujou ✡ I Tim 3:3pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun.
3  ✡ Wo 11:30Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan ✡ II Tim 3:13twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.
4 Men lè ✡ Wo 2:4bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, 5 Li te sove nou, ✡ Ef 2:9pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 6  ✡ Wo 5:5ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. 7 Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin ✡ Mat 25:34eritye selon esperans a lavi etènèl la.
8 Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou ✡ Tit 2:7,14angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.
9 Men ✡ II Tim 2:16evite ✡ I Tim 1:4konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.
10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman ✡ II Jn 10rejte yon nonm ✡ Wo 16:17k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa ✡ Tit 1:14pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.
12 Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou ✡ II Tim 4:9fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.
13 Byen vit, voye avoka a, Zénas ak ✡ Trav 18:24Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.
14 Moun pa nou yo dwe osi aprann ✡ Tit 3:8angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke ✡ Mat 7:19bay fwi.
15 Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou ✡ I Tim 1:2nan lafwa yo. ✡ Kol 4:18Ke lagras avèk nou tout.

✡3:1 Wo 13:1

✡3:1 II Tim 2:21

✡3:2 I Tim 3:3

✡3:3 Wo 11:30

✡3:3 II Tim 3:13

✡3:4 Wo 2:4

✡3:5 Ef 2:9

✡3:6 Wo 5:5

✡3:7 Mat 25:34

✡3:8 Tit 2:7,14

✡3:9 II Tim 2:16

✡3:9 I Tim 1:4

✡3:10 II Jn 10

✡3:10 Wo 16:17

✡3:11 Tit 1:14

✡3:12 II Tim 4:9

✡3:13 Trav 18:24

✡3:14 Tit 3:8

✡3:14 Mat 7:19

✡3:15 I Tim 1:2

✡3:15 Kol 4:18