9
 1  ✡ És 22:12,13 Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! 
Paske ou te ✡ Os 4:12fè pwostitisyon. 
Ou te abandone Bondye ou a. 
Ou te renmen salè kòb ki konn 
ranmase sou nenpòt glasi vannen. 
 2 Glasi vannen a ak pèz diven an ✡ Os 2:9p ap nouri yo, 
e diven nèf la va fè yo vin twonpe. 
 3 Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a, 
men Éphraïm va retounen an ✡ Os 7:16Égypte, 
e yo va manje ✡ Éz 4:13 sa ki pa pwòp an Assyrie. 
 4 Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a, 
Ni yo p ap fè L plezi. 
Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò. 
Tout moun ki manje ladan va vin souye, 
paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo. 
Li p ap antre lakay SENYÈ a.✡ Jr 6:20; Ag 2:13,14 
 5  ✡ És 10:3Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a, 
ak nan jou a fèt SENYÈ a? 
 6 Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon, 
Égypte va ranmase yo. 
Moph va antere yo. 
Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo. 
Se bwa pikan k ap fè tant yo. 
 7 Jou ✡ És 10:3 pinisyon yo gen tan rive. 
Jou ✡ És 34:8jijman yo gen tan rive. 
Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, 
moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, 
akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, 
e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran. 
 8 Yon pwofèt veye sou Éphraïm 
avèk Bondye mwen an. 
Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo, 
e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a. 
 9 Yo antre tèt yo byen ✡ És 31:6fon nan koripsyon, 
tankou nan jou a Guibea yo. 
Li va sonje ✡ Os 7:2 inikite yo. 
Li va pini peche yo. 
 10 Mwen te twouve Israël 
tankou ✡ Mi 7:1 rezen yo nan dezè. 
Mwen te wè papa zansèt nou yo 
tankou ✡ Jr 24:2premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. 
Men yo te rive kote Baal-Peor; 
yo te konsakre tèt yo a gwo wont, 
e yo te vin abominab menm jan 
ak sila ke yo te renmen a. 
 11 Pou Éphraïm ✡ Os 4:7glwa yo va vole ale kon zwazo. 
P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon. 
 12 Malgre yo leve pwòp pitit yo, 
Mwen va prive yo de yo, 
jiskaske pa gen yon moun ki rete. 
Wi, anverite ✡ Det 31:17 malè a yo menm, lè Mwen kite yo! 
 13 Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la, 
plante nan yon bèl chan; 
men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.✡ Éz 26:1-21 
 14 Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo? 
Bay yo yon ti vant foskouch ✡ Os 9:11  ak tete sèch. 
 15 Tout mechanste yo se nan Guilgal; 
Anverite se la Mwen te rayi yo! 
Akoz ✡ Os 4:9mechanste a zak yo, 
Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. 
Mwen p ap renmen yo ankò; 
tout prens yo se ✡ És 1:23 rebèl. 
 16 Éphraïm vin frape. 
Rasin yo vin sèch. 
Yo p ap bay fwi. 
Menm si yo ka fè pitit, 
Mwen va touye ✡ Os 8:7; Éz 24:21 fwi byeneme a vant yo a. 
 17 Bondye mwen an va jete yo deyò 
akoz yo ✡ Os 4:10pa t koute Li; 
epi yo va ✡ Os 7:13 vin vagabon pami nasyon yo.